1
Matye 13:23
1998 Haïtienne
Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
Compare
Explore Matye 13:23
2
Matye 13:22
Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.
Explore Matye 13:22
3
Matye 13:19
Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.
Explore Matye 13:19
4
Matye 13:20-21
Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fenk tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men, yo pa kite l pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
Explore Matye 13:20-21
5
Matye 13:44
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l ankò. Li sitèlman kontan, l ale, li vann tou sa l genyen, li tounen vin achte jaden an.
Explore Matye 13:44
6
Matye 13:8
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.
Explore Matye 13:8
7
Matye 13:30
Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n'al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen.
Explore Matye 13:30
Home
Bible
Plans
Videos