1
Sòm 91:2
1998 Haïtienne
yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Compare
Explore Sòm 91:2
2
Sòm 91:1
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Explore Sòm 91:1
3
Sòm 91:15
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
Explore Sòm 91:15
4
Sòm 91:11
Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.
Explore Sòm 91:11
5
Sòm 91:4
L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.
Explore Sòm 91:4
6
Sòm 91:9-10
Paske ou pran Senyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou.
Explore Sòm 91:9-10
7
Sòm 91:3
Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.
Explore Sòm 91:3
8
Sòm 91:7
Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.
Explore Sòm 91:7
9
Sòm 91:5-6
Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye mou gwo midi.
Explore Sòm 91:5-6
Home
Bible
Plans
Videos