YouVersion Logo
Search Icon

Travay apòt yo

apòt yo
Liv Travay Apòt yo mache avèk liv Bon Nouvèl Lik la. Se dezyèm pòsyon travay Lik la. Ladan l, li rakonte sa ki pase apre Jezi moute nan syèl la, ki jan avèk lasistans Lespri Bondye premye patizan Jezi yo mache gaye Bon Nouvèl la depi lavil Jerizalèm, pase nan tout peyi Jide a, ale nan nò nan peyi Samari a, depase fontyè peyi jwif yo rive lavil Antyòch nan peyi Siri.
Apre sa, avèk Pòl, Bon Nouvèl Kris la gaye nan tout zòn Ti Lazi a, li fè chemen l nan peyi Lagrès jouk li rive lavil Wòm, ki lè sa a te sèl kòk chante nan tout zòn lan. Se konsa li rakonte nou kijan sosyete patizan Kris la konmanse nan mitan jwif yo, li gaye jouk li rive louvri bra l bay tout moun sou latè. Liv la moutre patizan Kris yo pat sòti ni pou fè dezòd nan peyi a, ni pou yo moute tèt moun sou gouvènman wa lavil Wòm lan. Mesay Kris la pat vin ni pou kraze ni pou pran plas relijyon jwif yo osinon okenn lòt relijyon yo, men li vin bay yon satilfaksyon yo tout t'ap chache bay, men yo yonn pat ka rive bay.
Nan tout moun k'ap mache fè travay sa a, gen de ladan yo ki kanpe apa: se Pyè ak Pòl. Men pou di vre, moun ki reskonsab tout bon pou travay k'ap fèt la se Sentespri Bondye a. Se li menm avèk pouvwa li, avèk lasistans li, k'ap dirije tout bagay. Se li k'ap bay patizan Kris yo fòs kouray ak tèt ansanm nan tout sikonstans. Se li menm ki fè legliz la boujonnen toupatou sou latè, paske legliz la se yon sosyete Jezi li menm òganize, se li menm tou ki kenbe l la pou tout tan.
Nou ta ka separe Liv travay apòt yo fè twa pòsyon: (1) Konmansman legliz la nan lavil Jerizalèm, (2) legliz la gaye nan rès peyi Lapalestin lan, (3) legliz la gaye nan tout peyi ki bò lanmè Mediterane a, jouk li rive lavil Wòm.
Men plan liv la
1. Patizan Kris yo ap tann Sentespri a (1)
a. Dènye lòd Jezi ba yo ak pwomès li fè yo (1.1-14)
b. Yo mete yon lòt moun nan plas Jida (1.15-26)
2. Travay patizan Kris yo lavil Jerizalèm (2.1—8.3)
3. Travay patizan Kris yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari (8.4—12.25)
4. Travay Pòl (13—28)
a. Premye vwayaj li (13—14)
b. Gwo reyinyon lavil Jerizalèm lan (15.1-35)
c. Dezyèm vwayaj li (15.36—18.22)
d. Twazyèm vwayaj li (18.23—21.16)
e. Pòl prizonye lavil Jerizalèm, lavil Sezare ak lavil Wòm (21.17—28.31)

Currently Selected:

Travay apòt yo: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in