Sòm 41
41
SÒM 41 (40)
Lapriyè pou mande gerizon
(1) Pou #Pwo 14.21; Mak 10.21  chèf sanba yo. Se yon sòm David.
  1(2) Ala #Sòm 27.12  bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo!
Senyè a va delivre l lè l'a nan tray.
  2(3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri.
L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè,
li p'ap lage l nan men lènmi l yo
pou yo fè sa yo vle avè l.
  3(4) Senyè a #Sòm 6.2; 147.3  va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann.
Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.
  4(5) Mwen menm, mwen te di: Senyè, gen pitye pou mwen.
Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
  5(6) Lènmi m #Sòm 12.2; 144.8  yo ap pale m mal. Y'ap di:
Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l?
  6(7) Moun ki vin wè m yo, se yon bann ipokrit.
Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl.
Sòti yo sòti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.
  7(8) Tout moun ki pa vle wè m yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen.
Yo kwè m fini, nanpwen renmèd pou mwen.
Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
  8(9) Y'ap #2 Sam 15.12; Sòm 55.12,13; Jer 20.10; Abd 7; Mak 14.18; Jan 13.18  di: Mesye kondannen.
Kote l kouche a, nanpwen leve pou li ankò.
  9(10) Ata pi bon zanmi m lan,
moun mwen te fè konfyans anpil la,
moun ki te konn manje nan menm plat avè m lan,
ata li menm, li trayi m.
  10(11) Men #2 Sam 15.25,26  ou menm, Senyè, gen pitye pou mwen.
Mete m sou de pye m ankò, pou m ka ba yo sa yo merite.
  11(12) M'a #Jòb 36.7; Sòm 63.8  konnen ou kontan avè m vre
si m wè lènmi m yo pa banboche sou do m.
  12(13) Wi, #Sòm 72.18; 106.48; Lik 1.68  w'ap soutni m, paske mwen pa fè anyen ki mal.
W'ap fè m kanpe la devan ou pou tout tan.
  13(14) Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Ann fè lwanj li pou tout tan.
Amèn! Se vre!
      Currently Selected:
Sòm 41: HAT98
Highlight
Share
Copy
Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: