Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l konsa:
— Rale nepe ou, touye m pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gentan rive sou mwen pou se yo ki touye m, lèfini pou yo pase m nan betiz.
Men gad kò a pat vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l tèt anba, li lage kò l sou li. Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil.