1
Luc 14:26
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
Salīdzināt
Izpēti Luc 14:26
2
Luc 14:27
Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
Izpēti Luc 14:27
3
Luc 14:11
“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
Izpēti Luc 14:11
4
Luc 14:33
“Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa renonse ak tout sa li posede.
Izpēti Luc 14:33
5
Luc 14:28-30
“Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
Izpēti Luc 14:28-30
6
Luc 14:13-14
“Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”
Izpēti Luc 14:13-14
7
Luc 14:34-35
“Konsa, sèl la bon; men si menm sèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l. Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”
Izpēti Luc 14:34-35
Mājas
Bībele
Plāni
Video