1
Jan 8:12
1998 Haïtienne
Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
Sammenlign
Utforsk Jan 8:12
2
Jan 8:32
N'a konnen verite a, verite a va ban nou libète.
Utforsk Jan 8:32
3
Jan 8:31
Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: — Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
Utforsk Jan 8:31
4
Jan 8:36
Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.
Utforsk Jan 8:36
5
Jan 8:7
Men, moun yo t'ap kouvri l ak kèsyon. Jezi leve atè a, li di yo: — Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l premye kout wòch la.
Utforsk Jan 8:7
6
Jan 8:34
Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye.
Utforsk Jan 8:34
7
Jan 8:10-11
Lè sa a, li leve, li di fanm lan: — Madanm, kote moun yo? Pèsonn pa kondannen ou? Li reponn: — Pèsonn non, Mèt. Jezi di li: — Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.]
Utforsk Jan 8:10-11
Hjem
Bibel
Leseplaner
Videoer