YouVersion Logo
Search Icon

Jan 20

20
Kavo a vid
(Matye 28.1-10; Mak 16.1-8; Lik 24.1-12)
1Nan dimanch maten, byen bonè, li pat #Mat 28.1-10; Mak 16.1-11; Lik 24.1-12 ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a. 2Li #Jan 13.23 kouri, l'al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo:
— Yo wete Senyè a kote l te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.
3Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y'al nan kavo a. 4Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la te pi rapid pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li. 5Li bese pou l gade anndan an. Li wè bann twal fen yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre. 6Lè Simon Pyè rive dèyè l, li antre nan kavo a. Li wè bann twal fen yo anpile atè a 7ansanm #Jan 11.44 ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pat menm kote ak bann twal fen yo. Li te vlope apa yon lòt kote. 8Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè. 9(Disip #1 Kor 15.4; Tra 2.24-32 yo pat ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l te leve sòti vivan pami mò yo.) 10Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.
Jezi fè Mari, moun Magdala a, wè li
(Mak 16.9-11)
11Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l gade anndan kavo a. 12Li wè de zanj abiye tou blan, yo chita kote yo te depoze kò Jezi a. Yonn te nan plas tèt, lòt la nan plas pye yo. 13Zanj yo mande li:
— Madanm, poukisa w'ap kriye konsa?
Li reponn yo:
— Yo wete Senyè mwen an, m pa konn kote yo mete li.
14Lè l fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pat rekonèt si se te Jezi. 15Jezi mande li:
— Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache?
Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li:
— Mèt, si se ou menm ki wete l, di m ki bò ou mete li. M'a v'al pran li.
16Jezi di li:
— Mari!
Mari vire bò kote Jezi, li di l an lang ebre:
— Rabouni (sa vle di: Mèt).
17Jezi #Eb 2.11,12; Wòm 8.29 di li:
— Pa manyen mwen! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Ou menm, al jwenn frè mwen yo, di yo m'ap moute kot Papa mwen, Papa nou. M'ap moute kot Bondye mwen, Bondye nou.
18Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo:
— Mwen wè Senyè a.
Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.
Jezi fè disip yo wè l
(Matye 28.16-20; Mak 16.14-18; Lik 24.36-49)
19Menm #Mak 16.14-18; Lik 24.36-49 jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo:
— Lapè avèk nou!
20Apre #1 Jan 1.1 li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l ak bò kòt li. Disip yo pat manke kontan lè yo wè Senyè a. 21Jezi #Jan 17.18 di yo ankò:
— Lapè avèk nou! Menm jan Papa a voye mwen an, se konsa mwen voye nou tou.
22Apre #Jen 2.7 pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo:
— Resevwa Sentespri. 23Moun #Mat 16.19; 18.18 n'a padonnen peche yo, y'a jwenn padon. Moun n'a refize padonnen, yo p'ap jwenn padon.
Jezi ak Toma
24Men, #Jan 11.16; 14.5 twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pat la avèk yo lè Jezi te vini an. 25Lòt #Jan 19.34 disip yo di li:
— Nou wè Senyè a.
Men, Toma reponn yo:
— Si m pa wè mak klou yo nan pla men l, si m pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m pa mete men m nan bò kòt li, mwen p'ap kwè.
26Yon #Jan 20.19 senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò nan kay la. Fwa sa a, Toma te la tou. Tout pòt te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo:
— Lapè avèk nou.
27Apre sa li di Toma:
— Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m yo. Lonje men ou, mete l la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.
28Toma #Jan 1.1 reponn li:
— Senyè mwen, Bondye mwen!
29Jezi #1 Pyè 1.8 di li:
— Koulyeya, paske ou wè mwen an, ou kwè. Enben, benediksyon pou tout moun ki kwè san yo pa wè!
Poukisa liv sa a ekri
30Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a. 31Tou #1 Jan 5.13; Wòm 1.17 sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè #20.31: pou nou ka kwè: Gen maniskri ki bay pou nou ka toujou kwè. Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.

Currently Selected:

Jan 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in