1
Jenèz 9:12-13
1998 Haïtienne
Bondye di ankò: — Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li. M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.
Usporedi
Istraži Jenèz 9:12-13
2
Jenèz 9:16
Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l, m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè.
Istraži Jenèz 9:16
3
Jenèz 9:6
Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun va touye li tou. Paske Bondye fè moun pòtre ak li.
Istraži Jenèz 9:6
4
Jenèz 9:1
Bondye beni Noye ak pitit li yo. Li di yo: — Fè pitit, fè anpil anpil pitit peple latè.
Istraži Jenèz 9:1
5
Jenèz 9:3
Kounyeya, nou gendwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje.
Istraži Jenèz 9:3
6
Jenèz 9:2
Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout.
Istraži Jenèz 9:2
7
Jenèz 9:7
Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.
Istraži Jenèz 9:7
Početna
Biblija
Planovi
Videozapisi