1
1 Samyèl 17:45
1998 Haïtienne
David di sòlda Filisti a konsa: — W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.
Konpare
Eksplore 1 Samyèl 17:45
2
1 Samyèl 17:47
Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l pa l. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
Eksplore 1 Samyèl 17:47
3
1 Samyèl 17:37
David di ankò: — Senyè a te delivre m anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: — Bon, ale non! Mwen mande Senyè a pou l avèk ou!
Eksplore 1 Samyèl 17:37
4
1 Samyèl 17:46
Jòdi a menm, Senyè a pral lage ou nan men m. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.
Eksplore 1 Samyèl 17:46
5
1 Samyèl 17:40
Lèfini, li pran baton l nan men l, li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l, li mache sou Golyat.
Eksplore 1 Samyèl 17:40
6
1 Samyèl 17:32
David di Sayil: — Monwa, pèsonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l.
Eksplore 1 Samyèl 17:32
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo