Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Senyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l rele nou chèmèt.
Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pat vle kwè l, paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo.