1
Ezekyèl 33:11
1998 Haïtienne
Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?
Konpare
Eksplore Ezekyèl 33:11
2
Ezekyèl 33:7
Kounyeya, nonm o! Mwen mete ou faksyonè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesay m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen.
Eksplore Ezekyèl 33:7
3
Ezekyèl 33:9
Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou.
Eksplore Ezekyèl 33:9
4
Ezekyèl 33:6
Men, si faksyonè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonè a k'ap pote reskonsabilite lanmò yo.
Eksplore Ezekyèl 33:6
5
Ezekyèl 33:5
Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, sa lakòz moun mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri.
Eksplore Ezekyèl 33:5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo