Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Mowab yo pa janm gendwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble. Paske moun Amon ak moun Mowab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap kite peyi Lejip la. Okontrè yo bay Balaram lajan pou li te madichonnen yo. Men bondyefè tou, Bondye nou an vire madichon an, li fè li tounen benediksyon.