1
Revelasyon 19:7
1998 Haïtienne
Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive kounyeya pou fete maryaj ti Mouton an. Lamarye a pare.
Konpare
Eksplore Revelasyon 19:7
2
Revelasyon 19:16
Sou rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf.
Eksplore Revelasyon 19:16
3
Revelasyon 19:11
Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt.
Eksplore Revelasyon 19:11
4
Revelasyon 19:12-13
Je l yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye.
Eksplore Revelasyon 19:12-13
5
Revelasyon 19:15
Yon nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.
Eksplore Revelasyon 19:15
6
Revelasyon 19:20
Yo fè bèt la prizonye ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.
Eksplore Revelasyon 19:20
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo