1
1 Kor 2:9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Men sa Bib la di: “Se bagay je pa janm wè, zòrèy pa janm tande, bagay moun pa ko menm imajine sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”
Konpare
Eksplore 1 Kor 2:9
2
1 Kor 2:14
Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo.
Eksplore 1 Kor 2:14
3
1 Kor 2:10
Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye.
Eksplore 1 Kor 2:10
4
1 Kor 2:12
Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen.
Eksplore 1 Kor 2:12
5
1 Kor 2:4-5
Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun. Konsa, lafwa nou pa chita sou baz sajès lèzòm, men l chita pito sou pouvwa Bondye.
Eksplore 1 Kor 2:4-5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo