1 Samyèl 1

1
Elkana ak fanmi li lavil Silo
1Te gen yon nonm, moun branch fanmi #1 Sam 1.19 Efrayim, ki te rele Elkana. Li te rete lavil Rama nan mòn peyi Efrayim. Se te pitit Jewokam, pitit pitit Eliyou, nan fanmi Tokou, nan branch fanmi Zouf la. 2Elkana te gen de madanm, yonn te rele Ana, lòt la te rele Penina. Penina te fè pitit pou li. Men, Ana pat gen pitit. 3Chak #Egz 23.14; Joz 18.1; 1 Sam 1.21; 4.4; Sòm 78.60; Lik 2.41 lanne, Elkana sòti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l'al fè sèvis pou Senyè ki gen tout pou vwa a, pou l touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Senyè a lavil Silo. 4Chak #Det 12.17,18 fwa Elkana te ofri bèt pou Senyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo. 5Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l anpil, atout Senyè a pat ba li pitit. 6Penina #Jen 16.4 menm te toujou ap chache imilye Ana pou agase li deske Senyè a te fè li pa te ka fè pitit. 7Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen. 8Elkana, #Rit 4.15 mari li, di l konsa:
— Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.
Ana ak Eli, prèt la
9Yon #1 Sam 3.3 lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Senyè a. 10Ana #Jòb 7.11; 10.1 te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Senyè a, dlo t'ap koule nan je l. 11Li #Jen 28.20; 29.32; Nonb 6.5; Jij 11.30; 13.5; 16.17,28; Lik 1.15,48 fè Senyè a yon pwomès, li di li:
— Senyè, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye mwen, si ou ban m' yon pitit gason, l'ap viv pou ou sèlman. Poutèt sa, li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.
12Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Senyè a, Eli t'ap gade bouch li. 13Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pat ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou. 14Li di l konsa:
— Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Sòti al desoule ou yon lòt kote!
15Ana #Jòb 30.16; Sòm 42.4; 62.8; Lam 2.19 reponn li:
— Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni okenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m bay Senyè a. Se rakonte m'ap rakonte Senyè a lapenn mwen. 16Tanpri, #Jij 19.22; 1 Sam 2.12 mèt! Pa pran m pou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m.
17#Jij 18.6; 1 Sam 20.42; 2 Wa 5.19; Sòm 20.4,5; Lik 7.50; 8.48 sa a, Eli reponn li:
— Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l ba ou sa ou mande l la.
18Ana #Jen 33.15; Rit 2.13 reponn li:
— M espere ou p'ap janm bliye m!
Epi li leve, l'al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pat menm moun lan ankò.
Nesans Samyèl
19Nan #Jen 8.1; 30.22; 1 Sam 1.1,11 denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Senyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Senyè a fè pou Ana sa li te mande l la. 20Se konsa Ana vin ansent. Lè lè a rive pou l akouche, li fè yon pitit gason. Li rele l Samyèl, #1.20: Samyèl: Nan lang ebre a mo sa a vle di Non Bondye. Men li yon ti jan sonnen tankou yon lòt mo ki vle di mande. paske li te di: Mwen te mande Senyè a li.
21Apre #1 Sam 1.3 sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Senyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Senyè a. 22Men #1 Sam 2.11,18; 3.1 Ana pat ale. Li di mari l konsa:
— Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l nan Tanp Senyè a kote li pral rete pou tout tan.
23Elkana, #Nonb 30.7; 2 Sam 7.25 mari li, di l:
— Fè sa ou wè ki pi bon an. Rete non jouk w'a fin sevre l. Tansèlman, se pou Senyè a fè sa li te di a rive vre.
Se konsa Ana rete pou l pran swen ti bebe a jouk li sevre l.
24Apre #Det 12.5,6,11; Joz 18.1; 1 Sam 1.3,9 li fin sevre pitit la, li mennen li lavil Silo. Li te pran avè li yon towo bèf twazan, yon barik farin ak yon boutèy diven. 25Yo touye ti towo a, epi yo mennen ti gason an bay Eli. 26Ana #1 Sam 17.55; 20.3; 2 Sam 11.11; 2 Wa 4.30 di l:
— Eskize m wi, mèt. Ou pa chonje ki moun mwen ye? Menm jan ou vivan an, se mwen menm fanm ou te wè ki te kanpe bò kote ou la yon jou ap lapriyè Senyè a. 27Mwen #1 Sam 1.11; Sòm 6.9 te mande l pou l te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m te mande l la. 28Se konsa m vin mete l apa pou l ka viv pou Senyè a ase jouk li mouri.
Apre sa, yo adore Senyè a la nan tanp lan.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte