Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l yo. Li kanpe devan l, li di l konsa: — Kounyeya, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a. Men Elize di l: — Mwen pran Senyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa okenn kado. Naaman t'ap fòse l pou l pran kado a, men Elize derefize. Lè sa a, Naaman di: — Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m ti gout tè pou m chaje sou de milèt pote ale avè m. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou okenn lòt bondye pase pou Senyè a. Tansèlman, m'ap mande Senyè a pou li padonnen davans kèk jès m'ap fè. Paske lè chèf mwen pral fè sèvis nan tanp Rimon an, se sou bra mwen pou l'apiye. Mwen fèt pou mwen bese tèt ansanm ak li nan tanp lan. Se pou Senyè a padonnen mwen davans. Elize reponn li: — Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans
Li 2 Wa 5
Koute 2 Wa 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 5:15-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo