Men mesay Amòs, yonn nan gadò mouton lavil Tekoa a, te bay. Se bagay Bondye te fè l konnen sou pèp Izrayèl la, dezan anvan tranblemanntè a. Lè sa a, se Ozyas ki te wa nan peyi Jida, epi se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl. Amòs di: — Senyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, li pale byen fò. Lamenm, savann mouton yo fennen. Zèb ki sou tèt mòn Kamèl la cheche.
Li Amòs 1
Koute Amòs 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Amòs 1:1-2
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo