Vwala se te sou reny wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt (127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letyopi. Lè sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadèl. Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo epi ak pou tout lòt moun ki nan sèvis gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi te la tou ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre lòt peyi ki anba pouvwa li. Pandan sis mwa, wa a t'ap fè yo wè jan palè l la te rich, jan li te grannèg anpil, ak kantite bèl bagay li te genyen. Apre tout jou sa yo, wa a fè yon gwo fèt pou tout moun, rich kou pòv, ki te rete lavil Souz, kapital la. Pandan sèt jou, li resevwa mesye yo nan lakou jaden palè l la. Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè vyolèt nan bag ajan moute sou gwo poto fèt ak mab blan. Yo te fè ranje bèl kabann lò epi ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere ak bèl pyè ble. Yo te sèvi bwason nan gwo gode lò. Chak gode te gen fòm pa yo. Yo te sèvi diven san gad dèyè, jan wa a te vle li a. Tout moun t'ap bwè san pèsonn pa kontwole bouch yo, paske wa a te bay kanbizye li yo lòd pou chak moun te jwenn mezi yo vle. Larenn Vachti bò pa l t'ap resevwa medam yo anndan palè wa Asyeris la.
Li Estè 1
Koute Estè 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 1:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo