Ezekyèl 17:22-23
Ezekyèl 17:22-23 HAT98
Men sa Senyè sèl Mèt la di: — M'ap koupe boujon tèt yon pye sèd ki byen wo. M'ap kase yon jenn ti boujon nan branch ki pi wo yo. M'ap plante l sou tèt yon mòn byen wo, sou tèt mòn ki pi wo nan peyi Izrayèl la. L'ap fè branch, l'ap donnen. L'ap vin fè yon bèl bèl pye sèd. Tout kalite zwazo pral rete ladan l. Y'ap pare solèy nan lonbray branch li yo.

