Ezekyèl 9:3-4

Ezekyèl 9:3-4 HAT98

Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la sòti anwo tèt bèt vivan yo kote l te ye a, li deplase, l'al rete nan papòt pou antre nan Tanp lan. Senyè a rele nonm ak rad twal fen blan an ki te gen poban lank mare nan ren l lan. Li di l konsa: — Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.