Sa fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe. Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l: — Vin kouche avè m non! Men Jozèf derefize epi li di li: — Mèt mwen pa okipe anyen nan kay la paske mwen la. Li fè m' konfyans lage tout bagay nan men mwen. Mwen gen menm otorite ak li nan kay la. Li pa defann mwen manyen anyen, espte ou menm, paske se madanm li ou ye. Kijan ou ta vle wè pou mwen fè yon zak konsa, pou m'fè peche sa a kont Bondye? Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l. Yon jou, Jozèf vin antre nan kay la pou travay. Lè sa a, pa te gen pyès moun la. Madanm lan vare sou misye, li kenbe li nan rad epi li di li: — Jodi a, se pou kouche ak mwen. Lè Jozèf wè li antrave vre, li chape kò li epi li met deyò. Li sove kite rad la nan men madanm lan.
Li Jenèz 39
Koute Jenèz 39
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 39:6-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo