Oze 8
8
Senyè a kondannen Izrayèl pou dezòd
1Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi #Det 28.49 Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a. 2Yo #Mat 7.21 mèt ap di: Ou se Bondye nou, Nou menm, moun pèp Izrayèl, Nou konnen ou! 3Paske yo pa vle wè sa ki byen, Lènmi gen pou leve ndèyè yo.
4Yo #2 Kwo 13.5 rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a. 5Mwen #1 Wa 12.28; Oze 10.5,6 pa ka sipòte estati towo bèf moun Samari yo ap adore a. Se konsa mwen fè kòlè, mwen fache anpil sou yo. Kilè y'a sispann sèvi zidòl?
6Se #Mi 1.6,7 yon atizan peyi Izrayèl ki te fè zidòl la.
Zidòl sa a, se pa ka yon bondye li ye.
Estati towo bèf moun Samari yo,
m'ap kraze l an miyèt moso.
7Depi #Oze 10.13; 7.9; Gal 6.8 pèp la simen van, se move tan pou yo rekòlte.
Yo tankou yon jaden ble ki pa jete grap, ki p'ap bay farin.
Menm si li bay farin, se moun lòt nasyon k'ap vin manje tout.
8Pèp #2 Wa 17.6 Izrayèl la fini nèt.
Nan je lòt nasyon yo,
li tankou yon vye kannari kraze
ki pa vo anyen.
9Tankou #Jer 2.24; Oze 5.13 yon bourik endont,
moun Efrayim yo ap fè sa yo pito.
Yo moute peyi Lasiri al mande konkou.
Tankou fanm k'ap achte gason,
yo bay lòt nasyon lajan pou pwoteje yo.
10 # 8.10: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Atout #Eze 26.7 yo bay lòt nasyon yo kado, kounyeya mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m pini yo.
Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout.
11Atout moun Efrayim yo bati lotèl toupatou pou wete peche,
se menm lotèl sa yo ki fè yo tonbe pi rèd nan peche.
12Atout #Det 4.6,8 m ekri pou yo anpil regleman sou lalwa mwen ba yo a,
yo pran regleman yo pou bagay ki pa pou yo.
13Yo #Det 28.68; Jer 7.21; Oze 9.9; Am 8.7 renmen fè ofrann bèt. Yo touye bèt yo ofri yo epi yo manje vyann lan.
Men, mwen menm, Senyè a, se pa sa ki fè m plezi.
Kounyeya mwen chonje tout peche yo fè, m'ap pini yo pou sa.
M'ap fè yo tounen nan peyi Lejip.
14Moun #Eza 17.7; Am 2.5; 5.11 Izrayèl yo bliye moun ki te fè yo a.
Y'ap bati gwo palè.
Moun Jida yo menm ap bati gwo lavil ak miray ranpa pou pwoteje yo.
Men mwen menm, m'ap voye dife nan lavil yo.
Dife a ap boule tout palè yo ak tout gwo kay yo.
Chwazi Kounye ya:
Oze 8: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye
![None](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapistaging.com%2F58%2Fhttps%3A%2F%2Fweb-assets.youversion.com%2Fapp-icons%2Fht.png&w=128&q=75)
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

:
Pati Souliye
Pataje
Kopye
![None](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapistaging.com%2F58%2Fhttps%3A%2F%2Fweb-assets.youversion.com%2Fapp-icons%2Fen.png&w=128&q=75)