Yon kadè apre, yon lòt wè l, epi l di: — Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Pyè di: — Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo. Apre yon bon ti moman, yon lòt di l ankò: — Men wi, nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye. Pyè reponn li: — Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a. Menm lè a, antan li t'ap pale toujou, yon kòk pran chante. Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Senyè a te di li a: Kòk p'ap gentan fin chante jodi a, w'ap gentan nye twa fwa ou pa konnen mwen. Pyè sòti, epi li tonbe kriye jouk li pat kapab ankò.
Li Lik 22
Koute Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:58-62
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo