Nan denmen ki te lavèy jou preparasyon saba, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale kote Pilat. Yo di li: — Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve sòti vivan. Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa mesye leve sòti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a. Pilat di yo: — Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a. Y'ale Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo sele wòch ki te devan bouch kavo a byen sele, epi yo mete yon eskwad sòlda siveye li.
Li Matye 27
Koute Matye 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 27:62-66
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo