Tobi 10
10
Tobi ak Ana gen kè sere
1Pandan tout tan sa a, Tobi menm t'ap konte jou. Chak jou li t'ap kalkile konbe ki rete pou fè vwayaj la ale Ragès epi tounen. Lè kantite jou yo fin pase san li pa wè pitit gason l lan, 2li di nan kè l:
— Sa ki dwe kenbe l laba a konsa? Gabayèl dwe mouri, kifè pa gen pèsonn pou renmèt li lajan an?
3Tèt Tobi konmanse chaje. 4Ana menm, madanm li, t'ap di:
— Pitit mwen mouri! Li pa vivan ankò!
Epi li t'ap kriye, li t'ap plenn sò pitit li a, li t'ap di:
5— Woy! Pitit mwen! Poukisa mwen te kite ou ale, pitit mwen? Ou te de je nan tèt mwen!
6Lè sa a, Tobi di li:
— Pe la, sò mwen! Pa bat kò ou! Pa mete okenn vye lide nan tèt ou. Ti gason an byen. Yo dwe gen yon anpechman ki fè yo pran tout reta sa a. Lèfini, moun ki ale avè l la, se yon moun nou mèt konte sou li, epi se yon fanmi nou li ye met sou sa. Pa bat kò ou pou li, sò mwen. Talè l'ap parèt sou nou.
7Men, Ana reponn li:
— Sa w'ap di m la a? Sispann ban m manti. Pitit mwen mouri.
Se konsa, chak jou Ana kouri sòti al veye sou granchemen kote Tobiyas gen pou pase pou tounen an. Li pa te fè pèsonn konfyans. #10.7 Li pa te fè pèsonn konfyans: osinon: li pa te mete anyen nan bouch li, osinon: li pat kite pèsonn ba li kouray. Se jouk lè solèy kouche li tounen lakay li. Li t'ap plenn, li t'ap kriye tout lannwit, san l pa janm fèmen je l.
Tobiyas pran chemen lakay li
8Apre yo fin pase de senmenn ap fete nòs la, jan Ragwèl te fè sèman li t'ap fè l pou pitit fi l la, Tobiyas al jwenn Ragwèl, li di l konsa:
— Atòkile kite m ale! Paske mwen konnen papa m ak manman m dwe met nan tèt yo yo p'ap wè m ankò. Tanpri, papa, kite m al jwenn papa m. M te di ou nan ki eta mwen te kite l.
9Men, Ragwèl di Tobiyas konsa:
— Rete non, pitit mwen! Ret avè m non! M'ap voye kèk mesaje pote nouvèl ou bay papa ou.
Men, Tobiyas kenbe la avè l, li di konsa:
— Pa fè sa! Men sa m'ap mande ou: Tanpri, kite m tounen kay papa m.
10Latou Ragwèl renmèt Tobiyas Sara, madanm li. Li ba li mwatye nan tou sa li genyen: domestik, sèvant, bèf, mouton, bourik, chamo, rad, lajan ak veso tout kalite. 11Se konsa li kite yo pati ak kè kontan. Anvan Tobiyas ale, Ragwèl di l konsa:
— Se pou Bondye ba ou lasante, pitit mwen. Se pou ou fè bon vwayaj. Se pou Bondye nan syèl la pwoteje ni ou ni Sara, madanm ou. M mande Bondye pou m wè pitit ou yo anvan m mouri.
12Li vire bò Sara, li di l konsa:
— Ale lakay bòpè ou. Kounyeya, se yo ki papa ou ak manman ou tankou si se pwòp pitit fi yo ou ye. Ale ak kè poze, pitit fi mwen. Fè m pa tande yo di anyen mal sou ou jouk jou m mouri.
Li di yo orevwa, epi li kite yo ale. 13Lè sa a, Edna di Tobiyas konsa:
— Pitit mwen ak kouzen mwen, mwen mande Bondye pou l fè ou rive lakay ou san malè, san danje. Mwen mande l pou m viv kont pou m ka wè pitit ou menm ak Sara va fè anvan m mouri. Bondye sèvi m temwen! Mwen renmèt ou pitit fi m lan nan men. Pandan tout lavi ou, pa janm fè l anyen ki pou ba li lapenn. Tobiyas, pitit mwen, ale ak kè poze. Depi kounyeya, se manman ou mwen ye. Sara se madanm ou, se sè ou li ye. Se pou Bondye fè nou tout viv ak kè kontan jouk jou nou mouri.
Li bo yo tou de, epi li kite yo ale ak kè kontan.
14Lè Tobiyas pati, li te kontan kont kò li. Li di Granmèt syèl la ak latè a, li menm ki wa tout bagay la, mèsi dèske vwayaj la te byen pase. Li pran angajman pou l respekte Ragwèl ak Edna, madanm Ragwèl, jouk jou li mouri. #10.14 Li pran angajman pou li respekte Ragwèl ak Edna, madanm Ragwèl, jouk jou li mouri: Gen lòt maniskri ki bay: Li mande Bondye pou li beni Ragwèl ak Edna byen beni, epi li pran angajman pou li respekte yo jouk jou li mouri.
Chwazi Kounye ya:
Tobi 10: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: