Trèzyèm jou Ada a, ki se douzyèm mwa nan ane a, se dat pou lòd wa a te egzekite. Se te jou sa a tou lènmi Jwif yo te espere yo t ap gen pouvwa sou yo pou touye yo. Men bagay yo vire devan dèyè paske se Jwif yo ki pote laviktwa sou lènmi l yo. Nan tout pwovens wayòm Asyeris la, Jwif yo te rasanble nan vil yo kote yo t ap viv. Yo atake tout moun ki te fè plan pou detwi yo a. Pèsonn pa t kapab leve kont yo paske yo tout te nan gwo lapèrèz devan Jwif yo. Chèf pwovens yo, chèf rejyonal yo, gouvènè yo ak tout ofisye wa te ede Jwif yo paske yo te pè Madoche. Madoche vin gen anpil pouvwa nan palè wa a. Bri ki t ap kouri sou enpòtans Madoche te gaye nan tout pwovens, paske l te vin yon nonm enpòtan nan palè a. Li vin gen plis pouvwa chak jou. Jwif yo te kraze tout lènmi l yo jan k te fè yo plezi. Yo te atake yo ak nepe epi touye yo. Yo te fè sa lide yo di yo ak moun ki te rayi yo.
Li Estè 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 9:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo