Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo: Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri, paske tè a pa fon ase pou rasin yo antre. Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. Yon lòt pati nan grenn yo te tonbe nan touf pikan. Yo leve, men pikan an toufe yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an.
Li Mat 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 13:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo