Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. Lè sa a, dyab la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.” Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.” Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di: L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou. Epi y ap pote w nan men yo, pou pye w pa frape nan wòch.” Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.” Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.” Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.” Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.
Li Mat 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 4:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo