Luc 13
13
1Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke #Mat 27Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.
2Jésus te reponn yo: #Jn 9:2“Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a? 3Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa. 4Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan #Né 3:5Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?
5 “Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”
6Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon #Mat 21:19pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen. 7Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. #Mat 3:10 Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ 8Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè. 9Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”
10Konsa, li t ap #Mat 4:23enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon #Luc 13:16maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
12Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13Li te #Mc 5:23poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
14Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: #Egz 20:9“Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”
15Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, #Luc 14:5èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16Alò, fanm sa a, #Luc 19:9yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”
17Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men #Luc 18:43tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.
18Konsa #Mat 13:31Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li? 19Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi #Éz 17:23zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
20Ankò Li te di: #Mat 13:24“A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la? 21#Mat 13:33Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”
22Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap #Luc 9:51fè wout Li vè Jérusalem. 23Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?”
Li te reponn yo: 24#Mat 7:13“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab. 25Depi mèt kay la leve e#Mat 25:10fèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: #Mat 7:23‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.
26 “Konsa, nou #
Luc 3:8
va kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’
27 “Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. #
Sòm 6:8
Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’ 28Va gen kriye fò, ak manje dan#Mat 8:12nan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò. 29Yo#Mat 8:11va sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.
30 “Gade byen, gen #
Mat 19:30
kèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”
31Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske #Mat 14:1Hérode vle touye Ou.”
32Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a #Eb 2:10bi m va fin acheve. 33Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yon#Mat 21:11pwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”
34 O Jérusalem, Jérusalem, vil #
Luc 19:41
ki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!
35 “Gade, lakay nou rete nan men nou dezole, epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: #
Sòm 118:26
‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’”
Chwazi Kounye ya:
Luc 13: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith

: