Jan 5:1-15
Jan 5:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm. Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li. Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. [Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi. Paske tanzantan, yon zanj desann vin mete dlo a anmouvman. Premye malad ki desann lan, nenpòt maladi li te genyen, li te jwenn gerizon.] Te gen yon nonm la ki te malad depi tranntwitan. Jezi wè l kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: — Eske ou vle geri? Malad la reponn li: — Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete mwen nan basen an lè dlo a anmouvman. Lè mwen fè sa pou m'ale, yon lòt gentan desann anvan mwen. Jezi di li: — Leve pran nat ou ale. Menm llè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men twouve, jou sa fèt la, se te yon jou saba. Jwif yo di nonm ki te geri a: — Jodi a se jou saba. Lalwa nou an pa pèmèt ou pote chay. Li reponn yo: — Se moun ki geri m lan wi ki di m ranmase nat mwen, mache m ale. Lè sa a, yo mande li: — Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a? Men, nonm ki te geri a pat konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gentan pati al fè wout li. Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: — Koute non. Kounyeya ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou. Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li.
Jan 5:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ensuite il y a une fête juive, et Jésus va à Jérusalem. À Jérusalem, près de la porte des Moutons, se trouve une piscine avec cinq rangées de colonnes. En hébreu, on l’appelle Bethzata. Sous ces colonnes, beaucoup de malades sont couchés : des aveugles, des boiteux, des paralysés. [] Parmi eux, il y a un homme malade depuis 38 ans. Jésus voit qu’il est couché et il apprend que cet homme est malade depuis déjà longtemps. Il lui demande : « Est-ce que tu veux guérir ? » Le malade lui répond : « Seigneur, je n’ai personne pour me descendre dans la piscine quand l’eau se met en mouvement. Et pendant que j’essaie d’y aller, un autre descend avant moi. » Jésus lui dit : « Lève-toi, prends ta natte et marche ! » Aussitôt, l’homme est guéri. Il prend sa natte et il se met à marcher. Cela se passe le jour du sabbat. Alors des chefs juifs disent à l’homme guéri : « C’est le jour du sabbat, et tu n’as pas le droit de porter ta natte. » Il leur répond : « Celui qui m’a guéri m’a dit : “Prends ta natte et marche !” » Ces gens lui demandent : « Qui est cet homme qui t’a dit : “Prends ta natte et marche” ? » Mais celui qui a été guéri n’en sait rien. En effet, Jésus est parti, parce qu’il y avait beaucoup de monde à cet endroit. Plus tard, Jésus le rencontre dans le temple et il lui dit : « Maintenant tu es guéri. Ne commets plus de péché, sinon il t’arrivera quelque chose de plus grave. » L’homme va dire aux chefs juifs : « C’est Jésus qui m’a guéri. »
Jan 5:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen. Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda, nan lang ebre. Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize. Youn nan moun ki te kouche la te malad depi trantuitan. Jezi wè li kouche la epi li konnen l malad depi byen lontan. Li di li: “Èske ou vle geri?” Malad la reponn: “Mesye, m pa gen pèsonn pou ede m antre nan dlo a lè l ap fè mouvman. Chak fwa m eseye, yon lòt moun toujou pase devan m.” Alò Jezi di l: “Leve kanpe, pran kabann ou, epi mache.” Menm lè a, nonm nan geri. Li pran kabann li epi li te kòmanse mache. Men bagay sa a te rive yon jou saba. Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou repo a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.” Men nonm nan reponn: “Moun ki geri m nan di: Pran kabann ou epi mache.” Yo mande li: “Ki moun sa ki di w pran kabann ou epi mache a?” Men nonm ki te geri a pa te konnen kilès moun ki te geri l la te ye. Te plen moun la, epi Jezi te gentan ale. Pita, Jezi jwenn nonm nan nan tanp lan, epi li di li: “Ou wè, ou geri. Sispann peche, sinon yon pi move bagay riske rive w!” Alò nonm nan pati retounen jwenn Jwif yo ki t ap poze li kesyon yo. Li di yo se Jezi ki te geri li.
Jan 5:1-15 New International Version (NIV)
Some time later, Jesus went up to Jerusalem for one of the Jewish festivals. Now there is in Jerusalem near the Sheep Gate a pool, which in Aramaic is called Bethesda and which is surrounded by five covered colonnades. Here a great number of disabled people used to lie—the blind, the lame, the paralyzed. One who was there had been an invalid for thirty-eight years. When Jesus saw him lying there and learned that he had been in this condition for a long time, he asked him, “Do you want to get well?” “Sir,” the invalid replied, “I have no one to help me into the pool when the water is stirred. While I am trying to get in, someone else goes down ahead of me.” Then Jesus said to him, “Get up! Pick up your mat and walk.” At once the man was cured; he picked up his mat and walked. The day on which this took place was a Sabbath, and so the Jewish leaders said to the man who had been healed, “It is the Sabbath; the law forbids you to carry your mat.” But he replied, “The man who made me well said to me, ‘Pick up your mat and walk.’ ” So they asked him, “Who is this fellow who told you to pick it up and walk?” The man who was healed had no idea who it was, for Jesus had slipped away into the crowd that was there. Later Jesus found him at the temple and said to him, “See, you are well again. Stop sinning or something worse may happen to you.” The man went away and told the Jewish leaders that it was Jesus who had made him well.