Matye 13:13-29 - Konpare Tout Vèsyon yo
Matye 13:13-29 HAT98 (1998 Haïtienne)
— Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun yo. Paske lè y'ap gade, yo pa wè. Lè y'ap koute, yo pa tande, ni yo pa konprann. Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: N'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. N'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè. Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo. Se Bondye ki pale konsa. — Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li. — Kounyeya, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di. Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fenk tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men, yo pa kite l pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant. Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. Men yon jou aswè, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen grenn move zèb nan mitan bon grenn yo. Lè bon grenn lan leve, yo tanmen devlope pote fwi. Lè sa a, move zèb yo parèt tou. Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo sòti? Li reponn yo: Se yon lènmi m ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n'al rache move zèb yo? Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou.
Matye 13:13-29 VKF (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl. Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre. Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre. Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a: Ou ap koute sou koute, men ou p ap konprann anyen. Ou ap gade sou gade, men ou p ap wè anyen. Kè pèp sa vin tounen zanpoud. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande, yo fèmen je yo pou yo pa wè. Si kè yo pa t tounen zanpoud yo ta wè ak je yo, yo ta tande ak zòrèy yo, yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen, mwen ta geri yo. Men nou menm, benediksyon pou nou paske je nou yo wè, zòrèy nou yo tande. An verite m ap di nou: anpil pwofèt ak anpil moun ki fidèl te swete wè sa n ap wè la a. Yo te swete tande sa n ap tande la a, men yo pa t jwenn gras sa a. Men eksplikasyon parabòl plantè a: Grenn ki tonbe nan granchemen an se moun ki tande mesaj konsènan wayòm nan epi li pa konprann li. Dyab la pase touswit li ranmase ti grenn ki te simen an, l ale avè l. Grenn ki tonbe nan karyann nan se moun ki tande pawòl epi ki resevwa l prese prese ak kè kontan. Men kòm li pa kite l pran rasin nan lavi l, nan yon batje mesaj la disparèt. Depi pwoblèm oswa pèsekisyon vini poutèt mesaj la, moun nan retire kò l. Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la epi ki konprann mesaj la. Yo pwodui yon rekòlt 100, 60, epi 30 fwa plis pase sa ki te simen an.” Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li. Nan menm nuit la, pandan tout moun ap dòmi, yon lènmi pase simen grenn zèb nan jaden ble a, epi l ale. Lè ble a grandi epi li kòmanse mete grenn, move zèb yo parèt tou. Travayè mèt jaden an pwoche bò kote li, yo di: Mèt, èske se pa t bon semans nou te simen nan jaden sa a? Kote move zèb sa yo soti? Li reponn yo: se yon lènmi ki fè sa. Travayè yo mande l: Èske w vle nou rache move zèb yo? Li di yo: Non! Nan rache move zèb yo, nou ka rache pye ble tou.
Matye 13:13-29 BDS (La Bible du Semeur 2015)
Voici pourquoi je me sers de paraboles, pour leur parler : c’est que, bien qu’ils regardent, ils ne voient pas, et bien qu’ils écoutent, ils n’entendent pas et ne comprennent pas. Pour eux s’accomplit cette prophétie d’Esaïe : Vous aurez beau entendre, vous ne comprendrez pas. Vous aurez beau voir de vos propres yeux, vous ne saisirez pas. Car ce peuple est devenu insensible, ils ont fait la sourde oreille et ils se sont bouché les yeux, de peur qu’ils voient de leurs yeux, et qu’ils entendent de leurs oreilles, de peur qu’ils comprennent, qu’ils reviennent à moi et que je les guérisse . Vous, au contraire, vous êtes heureux, vos yeux voient et vos oreilles entendent ! Vraiment, je vous l’assure : beaucoup de prophètes et de justes ont désiré voir ce que vous voyez, mais ne l’ont pas vu ; ils ont désiré entendre ce que vous entendez, mais ne l’ont pas entendu. Vous donc, écoutez ce que signifie la parabole du semeur : Chaque fois que quelqu’un entend le message qui concerne le royaume et ne le comprend pas, le diable vient arracher ce qui a été semé dans son cœur. Tel est celui qui a reçu la semence « au bord du chemin ». Puis il y a celui qui reçoit la semence « sur le sol rocailleux » : quand il entend la Parole, il l’accepte aussitôt avec joie. Mais il ne la laisse pas prendre racine en lui, car il est inconstant. Que surviennent des difficultés ou la persécution à cause de la Parole, le voilà qui abandonne tout. Un autre encore a reçu la semence « parmi les ronces ». C’est celui qui écoute la Parole, mais en qui elle ne porte pas de fruit parce qu’elle est étouffée par les soucis de ce monde et par l’attrait trompeur des richesses. Un autre enfin a reçu la semence « sur la bonne terre ». C’est celui qui écoute la Parole et la comprend. Alors il porte du fruit : chez l’un, un grain en rapporte cent, chez un autre soixante, chez un autre trente. Il leur proposa une autre parabole : Il en est du royaume des cieux comme d’un homme qui avait semé du bon grain dans son champ. Pendant que tout le monde dormait, son ennemi sema une mauvaise herbe au milieu du blé, puis s’en alla. Quand le blé eut poussé et produit des épis, on vit aussi apparaître la mauvaise herbe. Les serviteurs du propriétaire de ce champ vinrent lui demander : Maître, n’est-ce pas du bon grain que tu as semé dans ton champ ? D’où vient donc cette mauvaise herbe ? Il leur répondit : C’est un ennemi qui a fait cela ! Alors les serviteurs demandèrent : Veux-tu donc que nous arrachions cette mauvaise herbe ? – Non, répondit le maître, car en enlevant la mauvaise herbe, vous risqueriez d’arracher le blé en même temps.
Matye 13:13-29 PDV2017 (Parole de Vie 2017)
Donc, je leur parle avec des comparaisons parce qu’ils regardent, mais ils ne voient pas. Ils entendent, mais ils n’écoutent pas et ne comprennent pas. Ainsi, il leur arrive ce que le prophète Ésaïe a annoncé : “Dieu dit : Vous entendrez bien, mais vous ne comprendrez pas. Vous regarderez bien, mais vous ne verrez pas. Oui, la tête de ce peuple est devenue dure. Ils ont bouché leurs oreilles, ils ont fermé les yeux. Ils ne voulaient pas voir avec leurs yeux, entendre avec leurs oreilles, comprendre avec leur cœur. Ils ne voulaient pas changer leur vie, alors je n’ai pas pu les guérir !” « Mais vous, vous êtes heureux : vos yeux voient et vos oreilles entendent. Je vous le dis, c’est la vérité : beaucoup de prophètes, beaucoup de gens fidèles à Dieu ont désiré voir ce que vous voyez, mais ils ne l’ont pas vu. Ils ont désiré entendre ce que vous entendez, mais ils ne l’ont pas entendu. » « Écoutez donc ce que l’histoire du semeur veut dire. Le bord du chemin où la graine tombe, ce sont les gens qui entendent la parole du Royaume et qui ne comprennent pas. L’esprit du mal arrive et il arrache ce qu’on a semé dans leur cœur. Le sol plein de pierres, ce sont les gens qui entendent la Parole, et qui la reçoivent aussitôt avec joie. Mais la Parole n’a pas de racines en eux, ils changent facilement d’avis. Alors, quand il y a une difficulté, ou quand on les fait souffrir à cause de la Parole, ils abandonnent tout de suite. Le sol couvert de plantes épineuses, ce sont les gens qui entendent la Parole, mais qui s’inquiètent pour les choses de ce monde. Ils cherchent de fausses richesses. À cause de cela, la Parole est étouffée et elle ne produit rien. La bonne terre, ce sont les gens qui entendent la Parole et qui comprennent. Ils donnent des fruits : les uns 100, d’autres 60, d’autres 30. » Jésus utilise pour eux une autre comparaison : « Le Royaume des cieux ressemble à ceci : Un homme a semé du bon grain dans son champ. Une nuit, pendant que tout le monde dort, son ennemi arrive. Il sème de la mauvaise herbe au milieu du bon grain et il s’en va. Les plantes poussent, elles produisent les épis, et la mauvaise herbe paraît aussi. Les serviteurs vont dire au propriétaire : “Maître, tu as semé du bon grain dans ton champ, n’est-ce pas ? D’où vient donc cette mauvaise herbe ?” Il leur répond : “C’est un ennemi qui a fait cela.” Les serviteurs lui disent : “Est-ce que tu veux que nous allions enlever la mauvaise herbe ?” Le propriétaire leur dit : “Non ! En enlevant la mauvaise herbe, vous risquez d’arracher aussi les épis.
Matye 13:13-29 NIV (New International Version)
This is why I speak to them in parables: “Though seeing, they do not see; though hearing, they do not hear or understand. In them is fulfilled the prophecy of Isaiah: “ ‘You will be ever hearing but never understanding; you will be ever seeing but never perceiving. For this people’s heart has become calloused; they hardly hear with their ears, and they have closed their eyes. Otherwise they might see with their eyes, hear with their ears, understand with their hearts and turn, and I would heal them.’ But blessed are your eyes because they see, and your ears because they hear. For truly I tell you, many prophets and righteous people longed to see what you see but did not see it, and to hear what you hear but did not hear it. “Listen then to what the parable of the sower means: When anyone hears the message about the kingdom and does not understand it, the evil one comes and snatches away what was sown in their heart. This is the seed sown along the path. The seed falling on rocky ground refers to someone who hears the word and at once receives it with joy. But since they have no root, they last only a short time. When trouble or persecution comes because of the word, they quickly fall away. The seed falling among the thorns refers to someone who hears the word, but the worries of this life and the deceitfulness of wealth choke the word, making it unfruitful. But the seed falling on good soil refers to someone who hears the word and understands it. This is the one who produces a crop, yielding a hundred, sixty or thirty times what was sown.” Jesus told them another parable: “The kingdom of heaven is like a man who sowed good seed in his field. But while everyone was sleeping, his enemy came and sowed weeds among the wheat, and went away. When the wheat sprouted and formed heads, then the weeds also appeared. “The owner’s servants came to him and said, ‘Sir, didn’t you sow good seed in your field? Where then did the weeds come from?’ “ ‘An enemy did this,’ he replied. “The servants asked him, ‘Do you want us to go and pull them up?’ “ ‘No,’ he answered, ‘because while you are pulling the weeds, you may uproot the wheat with them.