Matye 16:5-20 - Konpare Tout Vèsyon yo
Matye 16:5-20 HAT98 (1998 Haïtienne)
Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen. Lè sa a, Jezi di yo: — Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo. Disip yo yonn t'ap di lòt: — Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa. Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: — Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye! Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gentan bliye lè m te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale? Se bliye nou gentan bliye lè m te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa? Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo? Se lè sa a disip yo konprann li pat di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun. Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: — Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a? Yo reponn li: — Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo. Li di yo: — Bon, epi nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye? Simon Pyè reponn: — Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an. Lè sa a, Jezi di li: — Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m ki nan syèl la ki fè sa pou ou. Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l anyen. M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou. Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se Kris la li ye.
Matye 16:5-20 VKF (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.” Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.” Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen. Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo. Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?” Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.” Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?” Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!” Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. Ou rele Pyè ki vle di wòk, pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò p ap ka gen viktwa sou li. M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.” Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.
Matye 16:5-20 BDS (La Bible du Semeur 2015)
En passant de l’autre côté du lac, les disciples avaient oublié d’emporter du pain. Jésus leur dit : Faites bien attention : gardez-vous du levain des pharisiens et des sadducéens ! Les disciples discutaient entre eux : Il dit cela parce que nous n’avons pas pris de pain ! Jésus, sachant ce qui se passait, leur dit : Pourquoi discutez-vous entre vous parce que vous n’avez pas de pain ? Ah, votre foi est bien petite ! Vous n’avez donc pas encore compris ? Ne vous souvenez-vous pas des cinq pains distribués aux cinq mille hommes et du nombre de paniers que vous avez remplis avec les restes ? Et des sept pains distribués aux quatre mille hommes et du nombre de corbeilles que vous avez emportées ? Comment se fait-il que vous ne compreniez pas que je ne parlais pas de pain quand je vous disais : Gardez-vous du levain des pharisiens et des sadducéens ! Alors ils comprirent qu’il leur avait dit de se garder, non pas du levain que l’on met dans le pain, mais de l’enseignement des pharisiens et des sadducéens. Jésus se rendit dans la région de Césarée de Philippe. Il interrogea ses disciples : Que disent les gens au sujet du Fils de l’homme ? Qui est-il d’après eux ? Ils répondirent : Pour les uns, c’est Jean-Baptiste ; pour d’autres, Elie ; pour d’autres encore, Jérémie ou un autre prophète. – Et vous, leur demanda-t-il, qui dites-vous que je suis ? Simon Pierre lui répondit : Tu es le Messie, le Fils du Dieu vivant. Jésus lui dit alors : Tu es heureux, Simon, fils de Jonas, car ce n’est pas de toi-même que tu as trouvé cela. C’est mon Père céleste qui te l’a révélé. Et moi, je te déclare : Tu es Pierre, et sur cette pierre je bâtirai mon Eglise, contre laquelle la mort elle-même ne pourra rien. Je te donnerai les clés du royaume des cieux : tout ce que tu interdiras sur la terre sera interdit aux yeux de Dieu et tout ce que tu autoriseras sur la terre sera autorisé aux yeux de Dieu. Puis Jésus interdit à ses disciples de dire à qui que ce soit qu’il était le Messie.
Matye 16:5-20 PDV2017 (Parole de Vie 2017)
Les disciples passent de l’autre côté du lac. Ils ont oublié de prendre du pain. Jésus leur dit : « Faites attention ! Méfiez-vous du levain des Pharisiens et des Sadducéens ! » Alors les disciples pensent : « Nous n’avons pas pris de pain. » Jésus sait qu’ils pensent cela et il leur dit : « Vous n’avez pas beaucoup de foi ! Pourquoi est-ce que vous pensez : “Nous n’avons pas de pain” ? Vous ne comprenez pas encore ? Souvenez-vous des cinq pains pour les 5 000 hommes ! Ce jour-là, vous avez emporté combien de paniers ? Souvenez-vous des sept pains pour les 4 000 hommes ! Ce jour-là, vous avez emporté combien de paniers ? Je vous ai dit : “Méfiez-vous du levain des Pharisiens et des Sadducéens.” Vous ne comprenez donc pas que je ne vous parlais pas de pain ? » Alors les disciples comprennent : Jésus ne leur a pas dit de se méfier du levain du pain. Mais ils doivent se méfier de l’enseignement des Pharisiens et des Sadducéens. Jésus arrive dans la région de Césarée de Philippe. Il demande à ses disciples : « Pour les gens, qui est le Fils de l’homme ? » Ils lui répondent : « Les uns disent que tu es Jean-Baptiste. D’autres disent que tu es Élie. D’autres encore disent que tu es Jérémie ou l’un des autres prophètes. » Jésus leur dit : « Mais vous, qu’est-ce que vous dites ? Qui suis-je ? » Simon-Pierre lui répond : « Tu es le Messie, le Fils du Dieu vivant. » Alors Jésus lui dit : « Simon, fils de Jean, tu es heureux. En effet, ce n’est pas une personne humaine qui t’a fait connaître cela, mais c’est mon Père qui est dans les cieux. Et moi, je te dis ceci : Tu es Pierre, et sur cette pierre, je construirai mon Église, et la puissance de la mort ne pourra rien contre elle. Je te donnerai les clés du Royaume des cieux. Ce que tu refuseras sur la terre, on le refusera dans les cieux. Ce que tu accueilleras sur la terre, on l’accueillera dans les cieux. » Alors Jésus donne cet ordre à ses disciples : « Ne dites à personne que je suis le Messie. »
Matye 16:5-20 NIV (New International Version)
When they went across the lake, the disciples forgot to take bread. “Be careful,” Jesus said to them. “Be on your guard against the yeast of the Pharisees and Sadducees.” They discussed this among themselves and said, “It is because we didn’t bring any bread.” Aware of their discussion, Jesus asked, “You of little faith, why are you talking among yourselves about having no bread? Do you still not understand? Don’t you remember the five loaves for the five thousand, and how many basketfuls you gathered? Or the seven loaves for the four thousand, and how many basketfuls you gathered? How is it you don’t understand that I was not talking to you about bread? But be on your guard against the yeast of the Pharisees and Sadducees.” Then they understood that he was not telling them to guard against the yeast used in bread, but against the teaching of the Pharisees and Sadducees. When Jesus came to the region of Caesarea Philippi, he asked his disciples, “Who do people say the Son of Man is?” They replied, “Some say John the Baptist; others say Elijah; and still others, Jeremiah or one of the prophets.” “But what about you?” he asked. “Who do you say I am?” Simon Peter answered, “You are the Messiah, the Son of the living God.” Jesus replied, “Blessed are you, Simon son of Jonah, for this was not revealed to you by flesh and blood, but by my Father in heaven. And I tell you that you are Peter, and on this rock I will build my church, and the gates of Hades will not overcome it. I will give you the keys of the kingdom of heaven; whatever you bind on earth will be bound in heaven, and whatever you loose on earth will be loosed in heaven.” Then he ordered his disciples not to tell anyone that he was the Messiah.