Rezilta rechèch yo
2 Timote 3:1 (HAT98)
Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.
1 Korent 7:26 (HAT98)
Jan tan an difisil kounyeya, men lide m fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l ye a.
2 Timote 2:26 (HAT98)
Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo sòti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l te fè yo fè sa l vle.
2 Timote 3:2 (HAT98)
Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.
Ebre 5:10 (HAT98)
paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye.
2 Pyè 3:17 (HAT98)
Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, kounyeya nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan.
Matye 7:14 (HAT98)
Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.
Detewonòm 1:17 (HAT98)
Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pèsonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l vin devan mwen, m'a jije l mwen menm.
Sòm 68:15 (HAT98)
(16) Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!
Sòm 68:16 (HAT98)
(17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l rete a? Se la Senyè a ap rete pou tout tan.
Matye 7:13 (HAT98)
— Antre nan ti pòt ki jis la. Paske pòt laj la, se chemen ki pi fasil la. L'ap mennen ou tou dwat nan pèdisyon. Anpil anpil moun pran wout sa a.
Ebre 5:11 (HAT98)
Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou.
Ebre 5:12 (HAT98)
Depi tout tan sa a, se pou n te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje.
Sòm 131:2 (HAT98)
Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
Detewonòm 1:18 (HAT98)
Se konsa, menm lè sa a, mwen te ban nou lòd, mwen te di nou sa pou n fè ak sa pou n pa fè.
Egzòd 18:27 (HAT98)
Apre sa, Moyiz kite bòpè l la pati. Epi Jetwo tounen tounen l nan peyi l.
1 Korent 7:25 (HAT98)
Kanta pou moun ki pa marye yo, Senyè a pa ban m okenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m, epi nou te mèt fè m konfyans akòz favè Bondye fè m nan kè sansib li gen pou mwen an.
Detewonòm 1:16 (HAT98)
Lè sa a, men sa mwen te mande chèf nou yo pou yo fè: Chache konnen lè gen kont nan mitan pèp la. N'a regle tout kont yon moun ka gen ak frè parèy li osinon ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. N'a fè sa san patipri.
Egzòd 18:25 (HAT98)
Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Egzòd 18:26 (HAT98)
Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
2 Wa 20:11 (HAT98)
Pwofèt Ezayi lapriyè Senyè a epi Senyè a fè lonbray la fè bak sou dis mak li te fin depase sou kadran solèy wa Akaz te fè a.
1 Korent 7:27 (HAT98)
Si l gentan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l poko marye, li pa bezwen chache yon madanm.
Jan 6:59 (HAT98)
Jezi te di pawòl sa yo antan l te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay.
Jenèz 18:13 (HAT98)
Senyè a di Abraram: — Sa ki gen la a atò pou Sara ri konsa a, pou l'ap di nan kè li: O wi, ou kwè m'ap janm rive fè pitit pou jan mwen fin granmoun nan!
Travay 20:18 (HAT98)
Lè yo rive, li di yo: — Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m nan Lazi.