1
Lik 9:23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Epi li kontinye di yo tout: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.
ႏွိုင္းယွဥ္
Lik 9:23ရွာေဖြေလ့လာလိုက္ပါ။
2
Lik 9:24
Paske moun ki ta vle sove lavi li, va pèdi l; men moun ki pèdi lavi li pou mwen, se moun sa k ap sove lavi li.
Lik 9:24ရွာေဖြေလ့လာလိုက္ပါ။
3
Lik 9:62
Men Jezi di li: “Nenpòt moun ki kòmanse laboure yon jaden epi ki vire gad dèyè li pa kalifye pou wayòm Bondye a.”
Lik 9:62ရွာေဖြေလ့လာလိုက္ပါ။
4
Lik 9:25
Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l?
Lik 9:25ရွာေဖြေလ့လာလိုက္ပါ။
5
Lik 9:26
Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.
Lik 9:26ရွာေဖြေလ့လာလိုက္ပါ။
6
Lik 9:58
Jezi reponn li: “Rena yo gen tou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”
Lik 9:58ရွာေဖြေလ့လာလိုက္ပါ။
7
Lik 9:48
Apre sa li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa ti moun sa a nan non mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan. Paske moun ki pi piti nan pami nou an, se li menm ki pi gran.”
Lik 9:48ရွာေဖြေလ့လာလိုက္ပါ။
ပင္မစာမ်က္ႏွာ
က်မ္းစာ
အစီအစဥ္
ဗီဒီယို