1
Jan 6:35
1998 Haïtienne
Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf.
Qhathanisa
Hlola Jan 6:35
2
Jan 6:63
Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi.
Hlola Jan 6:63
3
Jan 6:27
Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l, paske se pou sa Bondye Papa a voye li.
Hlola Jan 6:27
4
Jan 6:40
Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
Hlola Jan 6:40
5
Jan 6:29
Jezi reponn yo: — Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.
Hlola Jan 6:29
6
Jan 6:37
Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
Hlola Jan 6:37
7
Jan 6:68
Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.
Hlola Jan 6:68
8
Jan 6:51
Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun.
Hlola Jan 6:51
9
Jan 6:44
Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a.
Hlola Jan 6:44
10
Jan 6:33
Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi.
Hlola Jan 6:33
11
Jan 6:48
Se mwen menm pen ki bay lavi a.
Hlola Jan 6:48
12
Jan 6:11-12
Jezi pran pen yo. Lè li fin rann Bondye gras sou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Tout moun te jwenn kantite yo te vle. Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: — Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye.
Hlola Jan 6:11-12
13
Jan 6:19-20
Yo te gentan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè. Men, Jezi di yo: — Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
Hlola Jan 6:19-20
Ikhaya
IBhayibheli
Amapulani
Amavidiyo