1
Eklezyas 4:9-10
1998 Haïtienne
Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.
Konpare
Eksplore Eklezyas 4:9-10
2
Eklezyas 4:12
Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Paske yon kòd trese ak twa branch pa fasil kase.
Eksplore Eklezyas 4:12
3
Eklezyas 4:11
Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l fè chofe kò l?
Eksplore Eklezyas 4:11
4
Eklezyas 4:6
Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.
Eksplore Eklezyas 4:6
5
Eklezyas 4:4
Mwen wè tout di lèzòm ap travay di a, tout bèl mèvèy y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men sa a tou, se rapousib van, se lave men siye atè.
Eksplore Eklezyas 4:4
6
Eklezyas 4:13-14
Yon nonm ka sòti nan mizè pou l rive chèf nan peyi l. Ou ankò li ka sòti nan prizon epi yo mete l chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy.
Eksplore Eklezyas 4:13-14
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo