1
Ezayi 17:1
1998 Haïtienne
Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: — Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli.
Konpare
Eksplore Ezayi 17:1
2
Ezayi 17:3
Peyi Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Eksplore Ezayi 17:3
3
Ezayi 17:4
Senyè a di ankò: — Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv.
Eksplore Ezayi 17:4
4
Ezayi 17:2
Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pèsonn pa chase yo met deyò.
Eksplore Ezayi 17:2
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo