1 Samyèl 4

4
1Chak fwa Samyèl te pale, tout pèp la te #1 Sam 7.12 koute li.
Moun Filisti yo sezi Bwat Kontra a
Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pou l'al goumen #4.1: pèp Izrayèl la sòti pou l'al goumen: Dapre yon ansyen vèsyon grèk men ki jan fraz la pati: moun peyi Filisti yo sanble pou y'al fè lagè ak pèp Izrayèl la. Se konsa pèp Izrayèl la sòti... ak moun Filisti yo. Konsa yo moute kan yo bò lavil Ebenezè. Moun Filisti yo menm moute kan pa yo lavil Afèk. 2Moun #Det 28.25 Filisti yo pran pozisyon anfas moun Izrayèl yo pou yo goumen. Epi batay la konmanse. Moun Filisti yo bat moun Izrayèl yo byen bat, yo touye katmil (4000) moun konsa nan plenn kote yo t'ap goumen an. 3#Joz 18.1; 1 Sam 3.3; 2 Sam 11.11 sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di:
— Poukisa Senyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Senyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo.
4Se #Egz 25.22; 2 Sam 6.2; Sòm 80.1; 99.1 konsa yo voye kèk moun lavil Silo. Yo pran Bwat Kontra Senyè ki gen tout pouvwa a, Senyè ki chita sou fòtèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pote l vini. Tout de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te la ansanm ak Bwat Kontra a.
5#Joz 6.5,20 Bwat Kontra Senyè a rive nan kan an, tout moun Izrayèl yo bay yon sèl gwo rèl, tè a tranble. 6Moun Filisti yo tande rèl la, yo di:
— Poukisa tout gwo rèl sa a nan kan moun Izrayèl yo?
Lè yo vin konnen se Bwat Kontra Senyè a ki te rive nan kan an, 7yo vin pè, yo t'ap di:
— Bondye moun sa yo rive nan kan yo a. Nou nan ka, devenn pa nou! Bagay konsa pa janm rive nou anvan sa! 8Ala #Joz 24.5; Rev 11.6 devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a. 9Se #Jij 13.1; 2 Sam 10.12; 1 Kor 16.13 pou nou mete gason sou nou, nou menm moun Filisti, pou nou pa tounen esklav ebre yo menm jan yo te esklav nou an. Se pou n goumen tankou vanyan gason!
10Moun #Lev 26.17; 1 Sam 4.2; 2 Sam 18.17; 19.8; Sòm 78.62 Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil (30.000) sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la. 11Moun #1 Sam 2.34; Sòm 78.60,61,64 Filisti yo te sezi Bwat Kontra Bondye a epi tou de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te mouri.
Lanmò Eli
12Yon #2 Sam 1.2 nonm nan branch fanmi Benjamen te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te endiye, li chire rad sou li, afòs li te nan lapenn. 13Eli #1 Sam 1.9 menm te chita sou chèz li a bò wout la ap veye paske kè l pat poze pou Bwat Kontra Bondye a. Nonm lan lage nouvèl la nan tout lavil la. Tout moun t'ap pouse rèl tèlman yo te pè. 14Eli tande bri a, li mande:
— Poukisa tout bri sa a?
Nonm lan kouri pote nouvèl la bay Eli. 15Eli #1 Wa 14.4 te gen katrevendizwitan. Li te fin avèg nèt. 16Nonm #2 Sam 1.4 lan di Eli konsa:
— Mwen fenk sòti kote yo t'ap goumen an, mwen chape kò m nan batay la vin isit la.
Eli di l:
— Ki jan sa pase, pitit mwen!
17Mesaje a reponn, li di l konsa:
— Moun Izrayèl yo kouri pou moun Filisti yo ki touye anpil moun nan pèp la. De pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, mouri. Moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a.
18Nonmen #1 Sam 4.13 nonm lan nonmen Bwat Kontra a, Eli sot tonbe sou chèz la, li blayi atè devan pòtay la. Li te fin granmoun epi li te gwo anpil. Nwa kou l kase sèk, li mouri. Li te pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la.
Lanmò bèlfi Eli a
19Bèlfi Eli a, madanm Fineas, te ansent, li t'ap tann jou pou l akouche. Lè li tande yo te pran Bwat Kontra Bondye a, epi bòpè l ansanm ak mari l te mouri, lamenm tranche pran l, li akouche. 20#Jen 35.17 medam ki te la avèk li yo wè l'ap mouri, yo di li konsa:
— Pran kouraj, machè! Ou fè yon ti gason.
Men li pa reponn anyen, li pa okipe yo. 21Li #1 Sam 4.11; 14.3; Sòm 26.8; 78.61; Jer 7.12 rele ti gason an Ikabòd, #4.21: Ikabòd: Nan lang ebre a non sa a sonnen tankou yon vèb ki vle di nou pèdi pouvwa ak prestij nou. epi li di:
— Pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a.
Li t'ap di sa akòz Bwat Kontra Bondye yo te sezi a. 22Li t'ap di:
— Wi, avèk Bwat Kontra Bondye yo pran an, pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte