2 Kwonik 15

15
Asa wete zidòl nan Tanp Jida
(1 Wa 15.13-15)
1Lespri Bondye te desann sou Azarya, #Nonb 24.2; 1 Sam 10.6; 2 Kwo 20.14; 24.20 pitit Obèd. 2Azarya #1 Kwo 28.9; 2 Kwo 24.20; Jer 29.13; Jak 4.8 sòti al kontre wa Asa, li di l konsa:
— Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Senyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l. Si nou chache l, l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou. 3Pandan #2 Kwo 17.8,9; 35.3; Oze 4.6 lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a. 4Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l, li kite yo jwenn li. 5Nan tan sa yo, pèsonn pat ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi. 6Nasyon #Mak 13.8 t'ap kraze nasyon, vil t'ap detwi vil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo. 7Men #Joz 1.6,7,9; Sòm 62.12; Eza 7.4; Jer 31.16 nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou.
8#2 Kwo 8.12; 15.1; 17.2 Asa tande mesay pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouray. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Senyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Senyè a.
9Anpil #2 Kwo 11.16 moun sòti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Senyè a te kanpe la avè l. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo. 10Yo tout reyini lavil Jerizalèm. Lè sa a, Asa te gen katòzan twa mwa depi li te wa. 11Jou #2 Kwo 14.13-15 sa a, yo pran sètsan (700) bèf ak sètmil (7.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Senyè a. 12Yo #2 Kwo 29.10; 34.31; Ney 10.29 pran angajman pou yo sèvi Senyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo. 13Yo #Det 13.6-9; 17.2-5 pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa sòti pou sèvi Sènyè a. 14Yo fè sèman bay Senyè a byen fò y'ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t'ap rele, yo t'ap kònen twonpèt ak klewon. 15Tout #2 Kwo 14.7 moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pèsonn pa fòse yo, yo te sòti pou yo te chache konnen volonte Senyè a. Senyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinay yo.
16Wa #1 Wa 15.13-15 Asa #Egz 34.13 menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l nan ravin Sedwon an. 17Atout #2 Kwo 14.3,5 li pat rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Senyè a ak tout kè li pandan lavi li. 18Li pran tou sa papa li te bay pou sèvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay lò ak lajan li menm li te bay pou Bondye. 19Pat #1 Wa 15.16,32 gen lagè menm jouk wa Asa rive sou trannsenkan depi li t'ap gouvènen.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte