Jan 5:1-15

Jan 5:1-15 HAT98

Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm. Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li. Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. [Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi. Paske tanzantan, yon zanj desann vin mete dlo a anmouvman. Premye malad ki desann lan, nenpòt maladi li te genyen, li te jwenn gerizon.] Te gen yon nonm la ki te malad depi tranntwitan. Jezi wè l kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: — Eske ou vle geri? Malad la reponn li: — Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete mwen nan basen an lè dlo a anmouvman. Lè mwen fè sa pou m'ale, yon lòt gentan desann anvan mwen. Jezi di li: — Leve pran nat ou ale. Menm llè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men twouve, jou sa fèt la, se te yon jou saba. Jwif yo di nonm ki te geri a: — Jodi a se jou saba. Lalwa nou an pa pèmèt ou pote chay. Li reponn yo: — Se moun ki geri m lan wi ki di m ranmase nat mwen, mache m ale. Lè sa a, yo mande li: — Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a? Men, nonm ki te geri a pat konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gentan pati al fè wout li. Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: — Koute non. Kounyeya ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou. Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li.