Lè Madoche kite palè a, li te abiye tankou yon wa. Li te gen yon wòb wayal ble ak blan sou li, yon wòb ki fèt ak twal len blan byen fen epi ak yon manto koulè vyolèt ki fèt ak twal len, ak yon kouwòn byen laj ki fèt ak lò sou tèt li. Tout lavil Souz t ap rele, yo t ap fete, yo te an jwa epi yo t ap bat bravo. Jou sa a se te yon gwo fèt delivrans ak onè pou Jwif yo. Nan chak pwovens ak chak vil kote yo anonse lòd wa a, se te gwo fèt ak kè kontan pou Jwif yo. Se te tankou yon jou fèt nasyonal paske te gen anpil fèt ak gwo festen tout kote. Anpil moun lòt nasyon te deside pou vin Jwif paske yo te pè Jwif yo.
Li Estè 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 8:15-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo