GrangouEgzanp

Grangou

JOU 3 SOU 4

Grangou nan yon Mond Peche

Petèt ou reve pou w ta genyen nan lotri oswa erite yon gwo sòm lajan. Petèt nan tèt ou deja deside sa w ta fè ak tout lajan sa a. Natirèlman, tout bonjan kado ak tout don moun ka fè w san traka soti nan men Bondye, e se Li ki bay tout sa nou bezwen. Men, nou gen yon apèl ki pi enpòtan pase kouri dèyè richès materyèl oswa satisfaksyon mond lan. Papa ou ki renmen w nan syèl la vle w pran konsyans de danje ki genyen lè yon moun gen swaf pou bagay ki soti nan mond lan ak kijan yon moun ka jwenn lapè pwofon ak lajwa pwofon lè se pou prezans Jezi yo gen swaf.

Pandan pasaj li sou tè a Jezi te remake genyen kèk moun ki t ap onore Li ak bouch yo, men kè yo te lwen Li. Malerezman, sa se yon gwo verite pou legliz nan jenerasyon nou an jounen jodi a, ki enfliyanse pa sa k ap pase nan mond lan. Se pa etonan pou w jwenn kretyen ki gen plis swaf pou richès materyèl ak konfò materyèl olye yo gen swaf pou prezans Jezi nan lavi yo. Se konsa, li enpòtan pou nou poze tèt nou kesyon sa a, si nou ap chèche Bondye espesyalman pou benefis materyèl (kòm yon mwayen pou rive nan objektif nou), oswa nou ap chèche yon relasyon ak Li jis paske kè nou swaf pou nou konnen Li pi byen.

Jezi te esplike disip Li yo kijan moun ki pa t kwè (nan epòk Li, se te moun lòt nasyon yo) ap bay tèt yo pwoblèm sou sa y ap manje, bwè, ak jan yo ap abiye. Men, lè yo resevwa bagay sa yo nan men Bondye, ki ban nou tout sa nou genyen yo, yo apeti yo pou yo chache Bondye diminye. Li posib pou w remake deja kijan enkyetid ak avaris gentan ranplase swaf pou Bondye nan legliz ou a oswa nan kominote kote w ap evolye a. Li posib tou pou ou menm ak lòt kwayan yo vin pi konsyan de apèl ou pou konstui nan mond lan yon modèl lavi kip a chita sou materyèl sèlman.

Mesaj Jezi a pa t janm ankouraje kalite anvi oswa avaris pou posede byen materyèl ki anvayi mond lan atravè kilti yo jodi a, se pou sa, nou pa dwe janm konfonn swiv Jezi ak avantaj materyèl mond lan ap ofri. Pa gen anyen sou latè ki pi enpòtan pase konnen epi glorifye Bondye. Ann angaje tèt nou pou chanje priyorite nou nan chèche pito Jezi an premye – Li pi wo pase tout lòt bagay – san no upa gen okenn lòt atant pase lajwa pou konnen Li ak pataje Li tout kote.

Jou 2Jou 4

Konsènan Plan sa a

Grangou

Gid lekti pou kat jou sa ap founi je gade ak nou kijan lè yon moun grangou pou konnen Bondye epi pou fè lòt moun konnen Li sa ap pouse nou viv nan plan Li genyen pou nou. Ann dekouvri kisa ki fè David tounen yon nonm selon kè Bondye - epi kijan ou menm tou ou ka viv ak pasyon pou Bondye, jwi de yon zanmitay ak Jezi kote konfyans ou nan Li va satisfè bezwen ou yo. YouVersion devlope leson sa a pou ou.

More

Nou ta renmen remèsye Lawrence Oyor paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.youtube.com/lawrenceoyor