Rezilta rechèch yo
Filipyen 4:13 (HAT98)
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
2 Korent 12:9 (HAT98)
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.
2 Korent 12:10 (HAT98)
Se sa k fè tou mwen kontan anpil lè m santi m fèb, lè y'ap joure m, lè m nan lafliksyon, lè m anba pèsekisyon, lè m nan difikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m fèb, se lè sa a mwen gen fòs.
Ezayi 40:29 (HAT98)
Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!
Ezayi 40:30 (HAT98)
Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.
Ezayi 40:31 (HAT98)
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Sòm 18:1 (HAT98)
(2) Ala renmen mwen renmen ou, Senyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
Efezyen 6:10 (HAT98)
Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.
Mak 12:30 (HAT98)
Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou.
Ezayi 41:10 (HAT98)
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Detewonòm 31:6 (HAT98)
Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
Sòm 73:26 (HAT98)
Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
1 Kwonik 16:11 (HAT98)
Ale jwenn Senyè a pou l ka ede nou. Toujou chache rete devan li.
2 Samyèl 22:33 (HAT98)
Se Bondye ki pwoteje m avè fòs li. Li fè m mennen yon lavi san repwòch.
Sòm 28:7 (HAT98)
Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.
Neyemi 8:10 (HAT98)
Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Senyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!
Chirasid 17:3 (HAT98)
Li ba yo fòs tankou fòs pa l la. Li kreye yo pòtre avè l.
Egzòd 15:6 (HAT98)
Senyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Senyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!
Jòb 9:19 (HAT98)
Mwen ta seye fè fòs avè l? Fòs, se nan men l sa ye. Mwen ta rele l tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
1 Korent 14:4 (HAT98)
Moun k'ap pale langay, se konfyans pa l ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs.
1 Kwonik 29:12 (HAT98)
Se nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.
Jenèz 49:3 (HAT98)
Ou menm, Riben, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi grannèg.
Sajès 10:2 (HAT98)
Li ba li fòs pouvwa pou l donminen sou tout bagay.
1 Makabe 10:71 (HAT98)
Si ou gen konfyans nan fòs lame ou la, desann vin jwenn nou nan plenn yo pou nou ka twoke kòn yonn ak lòt, paske mwen gen fòs lavil yo dèyè m.
1 Makabe 13:7 (HAT98)
Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo pran fòs ak kouray,