Rezilta rechèch yo
Jan 3:16 (HAT98)
Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Women 5:8 (HAT98)
Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
1 Korent 13:4 (HAT98)
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.
1 Korent 13:5 (HAT98)
Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.
1 Korent 13:6 (HAT98)
Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.
1 Korent 13:7 (HAT98)
Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
1 Jan 4:7 (HAT98)
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.
1 Jan 4:8 (HAT98)
Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
1 Jan 4:9 (HAT98)
Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l te ka ban nou lavi.
1 Jan 4:10 (HAT98)
Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
Women 8:38 (HAT98)
Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,
Women 8:39 (HAT98)
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Kantik 8:6 (HAT98)
Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.
Pwovèb 5:19 (HAT98)
L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lanmou ak li.
Sizàn 13:20 (HAT98)
Yo di l konsa: — Ala pòtay jaden yo fèmen! Pèsonn p'ap wè nou. Nou anvi fè lanmou avè ou. Pa refize nou sa. Kouche ak nou.
Sizàn 13:53 (HAT98)
Enben, si tout bon vre ou te wè mesyedam yo ap fè lanmou, manyè di nou anba ki pyebwa yo te ye. Li reponn: — Anba yon pye gonmye.
Ezekyèl 23:17 (HAT98)
Mesye yo vini, yo fè lanmou, yo kouche avè l. Yo pran kont plezi yo avè l, yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo.
Levitik 15:18 (HAT98)
Lè yon nèg ak yon fanm fin fè lanmou, yo fèt pou yo fè twalèt yo apre sa, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Jeremi 30:14 (HAT98)
Tout moun ki t'ap fè lanmou avè ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankò. Mwen frape ou, tankou si m te lènmi ou. Pinisyon an te rèd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fè anpil gwo mechanste.
Kantik 5:1 (HAT98)
M antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti negès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m, mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lanmou nou jouk nou sou!
Lèt Jeremi 1:43 (HAT98)
Lè yonn ladan yo fin kouche ak yon nonm ki t'ap pase bò la epi ki te mande li fè lanmou, li pase sa ki te chita bò kote l la nan betiz dèske yo pa te chwazi l menm jan avè l pou yo te kase kòd ki mare nan ren l lan.
1 Korent 13:13 (HAT98)
Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.
Efezyen 3:19 (HAT98)
Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pèsonn p'ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
1 Jan 4:18 (HAT98)
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
1 Pyè 4:8 (HAT98)
Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.