Rezilta rechèch yo
Jenèz 2:24 (HAT98)
Se poutèt sa, gason ap kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li, epi yo de a ap vin fè yon sèl.
Efezyen 5:33 (HAT98)
Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.
Efezyen 5:25 (HAT98)
Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.
Efezyen 5:22 (HAT98)
Nou menm medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Senyè a.
Efezyen 5:23 (HAT98)
Se mari ki alatèt madanm li, menm jan se Kris ki chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki se kò li.
Efezyen 5:28 (HAT98)
Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou.
Pwovèb 18:22 (HAT98)
Trape yon bon fanm, se trape yon trezò. Se kado Bondye sèl ka bay.
Matye 19:4 (HAT98)
Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.
Matye 19:5 (HAT98)
Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.
Matye 19:6 (HAT98)
Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.
Mak 10:8 (HAT98)
Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl.
Mak 10:9 (HAT98)
Se poutèt sa pèsonn pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.
Jan 2:1 (HAT98)
De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jezi te la,
Sajès 4:6 (HAT98)
Konsa, jou jijman an, timoun ki fèt nan move maryaj yo ap sèvi temwen pou mechanste papa ak manman yo.
Jenèz 28:3 (HAT98)
Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l beni maryaj ou, pou l ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
Sajès 3:16 (HAT98)
Pitit moun ki lage kò yo nan sèvi zidòl ap mouri bonè. Pitit moun ki fè maryaj lalwa Bondye defann yo fè a ap disparèt.
Revelasyon 19:7 (HAT98)
Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive kounyeya pou fete maryaj ti Mouton an. Lamarye a pare.
Kantik 3:11 (HAT98)
Sòti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l te mete soutèt li jou maryaj li, jou kè l te kontan anpil la.
Sajès 14:26 (HAT98)
Yo pa respekte anyen ki bon, yo bliye sa moun fè pou yo, y'ap sal nanm yo, yo pèvèti, yo pa pran maryaj pou anyen, se adiltè, se debòch.
1 Samyèl 18:26 (HAT98)
Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la,
Revelasyon 19:9 (HAT98)
Zanj lan di mwen: — Koulyeya, ou mèt ekri: Benediksyon pou tout moun yo envite nan resepsyon maryaj ti Mouton an! Apre sa li di mwen: — Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.
2 Kwonik 18:1 (HAT98)
Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la.
Ebre 13:4 (HAT98)
Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.
2 Makabe 1:14 (HAT98)
Wa Antyokis te pran pòz li ta vle marye ak Naneya. L'ale nan tanp lan ansanm ak zanmi l yo pou li te pran tout gwo richès ki te nan tanp lan tankou lajan garanti maryaj la.
Egzòd 22:16 (HAT98)
Si yon nonm pran tèt yon jenn fi ki poko fyanse, epi li kouche avè l, li gen pou l peye lajan yo konn bay pou yon maryaj, epi se pou l marye ak jenn fi a.