1
Eklezyas 1:18
1998 Haïtienne
Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.
Konpare
Eksplore Eklezyas 1:18
2
Eklezyas 1:9
Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni.
Eksplore Eklezyas 1:9
3
Eklezyas 1:8
Tout bagay ap vire won san rete. Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye. Je pa janm bouke wè. Zòrèy pa janm bouke tande.
Eksplore Eklezyas 1:8
4
Eklezyas 1:2-3
Nan lavi a, anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a. Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba. Yon moun te mèt pase tout lavi l ap travay di, ap bay kò l traka sou latè beni, kisa sa rapòte l?
Eksplore Eklezyas 1:2-3
5
Eklezyas 1:14
Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Yo tout se mouvman nil. Se rapousib van.
Eksplore Eklezyas 1:14
6
Eklezyas 1:4
Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè.
Eksplore Eklezyas 1:4
7
Eklezyas 1:11
Pèsonn pa sonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou pita, pesonn p'ap sonje sa k'ap pase koulyeya.
Eksplore Eklezyas 1:11
8
Eklezyas 1:17
Mwen te soti pou m'te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen bon konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men la ankò, mwen wè se rapousib van.
Eksplore Eklezyas 1:17
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo