1
Ezayi 19:25
1998 Haïtienne
Senyè a va beni yo, la di konsa: — Benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m pa m lan.
Konpare
Eksplore Ezayi 19:25
2
Ezayi 19:20
Sa va sèvi yon mak pou fè konnen Senyè ki gen tout pouvwa a kanpe la nan peyi Lejip la. Lè moun va konprann pou fè yo pase tray, y'a lapriyè Senyè a mande l sekou. Senyè a va voye yon moun pou vin delivre yo. L'a pran defans yo, l'a sove yo.
Eksplore Ezayi 19:20
3
Ezayi 19:1
Men mesay Bondye bay sou peyi Lejip la: — Senyè a chita sou yon nyaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l. Moun peyi Lejip yo gen kè kase.
Eksplore Ezayi 19:1
4
Ezayi 19:19
Lè sa a va gen yon lotèl pou Senyè ki gen tout pouvwa a nan peyi Lejip. Sou fontyè peyi a, y'ap kanpe yon gwo wòch y'ap mete apa pou Senyè a.
Eksplore Ezayi 19:19
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo