1
Revelasyon 17:14
1998 Haïtienne
Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.
Konpare
Eksplore Revelasyon 17:14
2
Revelasyon 17:1
Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: — Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral pini gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo.
Eksplore Revelasyon 17:1
3
Revelasyon 17:8
Bèt ou wè a te vivan yon lè. Kounyeya li pa vivan ankò. Li gen pou l moute sòti nan gwo twou san fon an, apre sa pou l'al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pat gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, kounyeya li pa la, men li gen pou l parèt ankò.
Eksplore Revelasyon 17:8
4
Revelasyon 17:5
Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.
Eksplore Revelasyon 17:5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo