1
Revelasyon 21:4
1998 Haïtienne
Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
Konpare
Eksplore Revelasyon 21:4
2
Revelasyon 21:5
Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: — Kounyeya, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: — Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè.
Eksplore Revelasyon 21:5
3
Revelasyon 21:3
Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: — Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo.
Eksplore Revelasyon 21:3
4
Revelasyon 21:6
Apre sa li di yo ankò: — Bon, tout bagay kaba. Mwen se A jiska Z. Mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf, m'a ba li bwè gratis nan sous dlo ki bay lavi a.
Eksplore Revelasyon 21:6
5
Revelasyon 21:7
Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.
Eksplore Revelasyon 21:7
6
Revelasyon 21:8
Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
Eksplore Revelasyon 21:8
7
Revelasyon 21:1
Apre sa, mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt latè. Premye syèl la ak premye latè a te disparèt. Pat gen okenn lanmè ankò.
Eksplore Revelasyon 21:1
8
Revelasyon 21:2
Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li.
Eksplore Revelasyon 21:2
9
Revelasyon 21:23-24
Lavil la pat bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l paske limyè prezans Bondye a te klere l nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li. Gremesi limyè l la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li.
Eksplore Revelasyon 21:23-24
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo